palekreyol
| Forum role | Member since | Last activity | Topics created | Replies created |
|---|---|---|---|---|
| Member | Feb 13, 2017 (9 years) |
- | 1 | 1 |
- Forum role
- Member
- Member since
Feb 13, 2017 (9 years)
- Last activity
- -
- Topics created
- 1
- Replies created
- 1
Bio
Nou se yon gwoup volontè ki vle pote kontribisyon pa nou nan bay lang Kreyòl la yon bourad nan fason pa nou nan lonè zansèt nou yo ki kite gwo eritaj sa a pou nou.
Objektif “Pale Kreyòl” se kreye yon espas pou valorize ak fè pwomosyon lang Kreyòl pi espesyalman Kreyòl Ayisyen.
Plale Kreyòl vle ale pi lwen ke yon “Gwoup Facebook” ki limite manm li yo nan pataje ak fè kòmantè an Kreyòl, men li vle tou, tabli yon platfòm pou tout moun ki gen yon sijè, yon istwa enteresan, ta renmen pataje ak yon piblik ki pi laj sou fòm “Blog”.
Pale Kreyòl pa gen yon ekip kap ekri ak pibliye “Blog”, piblikasyon-l yo pra l depann de ou menm ki ta renmen wè Kreyòl la pran yon lòt dimansyon.
Pou sa fèt byen, Pale Kreyòl ap dizpoze yon ekip pou ede tout moun ki ta vle pibliye yon atik, sito nivo koreksyon tèks yo avan ke yo pibliye sou sit entènèt https://palekreyol.com/ la.
Administrasyon Pale Kreyòl ka toujou chwazi pa pibliye yon tèks ki pa reponn ak kritè sa yo:
1.- Yon tèks ki vize pou denigre valè moun (fanm kou gason)
2.- Yon tèks ou kopye san ou pa bay sous la men ou mete non-w ki ta vle di se ou ki ekri li.
3.- Yon tèks ki vle akize yon moun kèlkonk.
4.- Yon tèks endesan ki ekri ak mo vilgè.
5.- Yon tèks ki akonpanye ak imaj pònografik.
Mèsi pou konpreyansyon ak kolaborasyon tout moun ki kwè ke Kreyòl Ayisyen se yon lang menm jan ak tout lòt yo. Konn pale ak ekri kreyòl byen pa vle di medyokrite.